Pular para o conteúdo
Publicidade

Osée 13

1 13:1 Job 29:21,22 Éphraïm te pale, te gen tranbleman.

Li te leve tèt li wo an Israël;

men ak Baal, li te mal, e li te mouri.

2 Epi koulye a, yo peche plis toujou,

e yo pou tèt yo 13:2 És 46:6imaj fonn an ajan,

menm zidòl yo selon jan yo konprann.

Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.

Yo di a yo menm: "Yo ofri sakrifis imen yo, e bo 13:2 Os 8:5,6 ti bèf yo!"

3 Akoz sa, yo va tankou 13:3 Os 6:4nwaj nan maten an

ak lawouze k ap disparèt bonè,

tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,

e tankou 13:3 Sòm 68:2 Lafimen soti nan chemine.

4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la;

epi ou pa pou konnen 13:4 Egz 20:3okenn dye

sof ke Mwen;

paske nanpwen sovè 13:4 És 43:11 sof ke Mwen.

5 Mwen te 13:5 Det 2:7pran swen ou nan dezè a,

nan peyi sechrès la.

6 yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;

yo te vin satisfè e yo te vin ògeye.

Konsa, yo te bliye Mwen.13:6 Os 7:14; Os 2:13

7 Akoz sa, Mwen va vin 13:7 Lam 3:10 tankou yon lyon anvè yo.

Kon yon 13:7 Jr 5:6leyopa, Mwen va kouche

an kachèt chemen an.

8 Mwen va rankontre yo 13:8 II Sam 17:8 kon yon lous

ki fenk fin pèdi pitit li,

e mwen va chire lestomak yo nèt.

Sou plas, Mwen va 13:8 Sòm 50:22devore yo tankou

yon manman lyon,

jan yon bèt sovaj ta chire yo.

9 Se destriksyon pa w, O Israël!

Akoz ou kont Mwen, kont 13:9 Det 33:26,29 sekou ou.

10 Kote 13:10 II Wa 17:4 wa ou a koulye a,

pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?

Ak 13:10 I Sam 8:5,6jij ke ou te mande yo: "Ban mwen

yon wa ak prens yo"?

11 Mwen 13:11 I Sam 8:7te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,

e Mwen te l soti nan kòlè Mwen.

12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;

peche li vin 13:12 Det 32:34,35 mete nan depo.

13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;

se pa 13:13 Det 32:6 yon fis ki saj, k ap rete nan vant

ki ouvri e k ap tann li soti a.

14 Mwen va rachte yo soti

anba pouvwa a Sejou yo;

mwen va 13:14 Sòm 49:15 rachte yo soti anba lanmò.

O lanmò! Kote pikan ou yo?

O Sejou yo! Kote destriksyon ou an?

Repantans va vin kache devan zye M.

15 Malgre li pote fwi pami frè li yo,

yon 13:15 Jen 41:6 van nan lès va vini;

van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.

Sous dlo li va vin sèch,

e fontèn dlo li va seche.

Li va 13:15 Jr 20:5 piyaje trezò tout bagay ki gen valè.

16 Samarie va pote 13:16 Os 10:2koupabilite li,

paske li te 13:16 Os 7:14rebèl kont Bondye li a.

Yo va tonbe pa nepe.

Timoun piti yo va vin kraze an mòso,

epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também