Pular para o conteúdo
Publicidade

Osée 12

1 Éphraïm manje sou van,

e kouri dèyè 12:1 Jen 41:6van lès la.

Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.

Anplis, li yon akò ak Assyrie

e lwil vin pote an Égypte.

2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda

e Li va pini Jacob 12:2 Os 4:1; Os 7:2selon chemen li yo.

Li va rekonpanse li selon zak li yo.

3 Nan vant manman, li te 12:3 Jen 25:26kenbe frè l pa talon;

epi l fin grandi, li te 12:3 Jen 32:28 lite ak Bondye.

4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;

li te kriye e li te 12:4 Jen 32:26chache favè li.

Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.

5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,

SENYÈ a se 12:5 Egz 3:15 non Li!

6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,

12:6 Os 6:1-3; Mi 6:8 Swiv ladousè ak lajistis,

e tann Bondye ou a tout tan.

7 Men yon machann, ak 12:7 Pwov 11:1fo balans lan nan men l.

Li renmen twonpe moun.

8 Éphraïm te di: "Anverite, mwen gen tan vin rich.

Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;

Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri

12:8 Os 4:8 okenn inikite, ki ta peche."

9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la, va ou 12:9 Lev 23:42 viv nan tant ankò,

tankou nan jou fèt deziye yo.

10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo

e mwen te miltipliye vizyon yo;

epi selon ministè 12:10 II Wa 17:13pwofèt yo,

mwen te sèvi 12:10 Éz 17:2 parabòl.

11 Èske gen inikite nan Galaad?

Anverite, yo tout san valè.

Nan Guilgal, yo sakrifis towo;

wi 12:11 Os 8:11 lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.

12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,

12:12 Jen 28:5; Jen 29:20 Israël te travay pou resevwa yon madanm.

Pou yon madanm, li te gadyen mouton.

13 Epi pa yon 12:13 Egz 14:19-22pwofèt, SENYÈ a

te mennen Israël sòti an Égypte.

Pa yon pwofèt, li te vin prezève.

14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.

Akoz sa, Senyè li va kite 12:14 Éz 18:10-13san li koule sou li,

e 12:14 Dan 11:18 repwòch li tounen sou li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também