Pular para o conteúdo
Publicidade

Osée 14

1 14:1 Os 6:1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.

Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.

2 Pran avèk ou menm pawòl yo,

pou retounen kote SENYÈ a.

Di Li: 14:2 Mi 7:18,19"Retire tout inikite nou yo,

e resevwa nou ak gras Ou,

pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.

3 Assyrie p ap sove nou.

Nou p ap monte sou cheval;

ni nou p ap di ankò a

14:3 Os 8:6; Os 4:12 zèv men nou yo: "Ou se dye nou."

Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd."

4 "Mwen va 14:4 És 57:18 geri enfidelite yo;

Mwen va 14:4 So 3:17renmen yo an abondans,

paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.

5 Mwen va tankou 14:5 Pwov 19:12Lawouze pou Israël;

li va fleri kon flè lis,

e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.

6 Boujon li yo va vin pete,

e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.

Li va santi bon kon bèl odè Liban an.

7 Moun yo va rete nan lonbraj li.

Yo va reprann fòs tankou 14:7 Os 2:21,22sereyal ki jwenn lapli;

yo va fleri tankou pye rezen.

Y ap bon odè tankou diven Liban an.

8 O Éphraïm! Kisa M gen pou ankò ak zidòl?

Se Mwen menm ki okipe l;

Mwen tankou yon pye 14:8 És 41:19siprè byen vèt;

nan 14:8 Éz 17:23 Mwen, tout fwi ou sòti."

9 14:9 Sòm 107:43 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;

Sila ki pridan an, kite li konnen yo.

Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,

e moun ladwati a va mache ladan yo;

men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também