Publicidade

Oséias 11

1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,

e brile lansan bay zidòl yo.

3 Malgre sa, se te Mwen

ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

Nan bra M, Mwen te pran yo;

men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

ak lyann lanmou.

Konsa, Mwen te vini pou yo

kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

Mwen te bese mete manje devan yo.

5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte,

men Wa Assyrie a va vin wa yo,

akoz yo te refize retounen kote Mwen.

6 Nepe va tonbe kont vil yo,

pou kraze pòtay ak fè fòje yo,

e li va fè tout plan yo disparèt.

7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen.

Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,

anverite, yo p ap egzalte.

8 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?

Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?

Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?

Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm?

Kè M vire nèt anndan M;

konpasyon Mwen vin anflame.

9 Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen;

Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.

Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;

Sila Ki Sen nan mitan nou an

e Mwen p ap antre nan kòlè.

10 Yo va mache dèyè SENYÈ a,

Li va gwonde kon yon lyon;

Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,

ap tranble soti nan lwès.

11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,

e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie;

epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.

12 Éphraïm antoure Mwen ak manti,

e lakay Israël ak desepsyon.

Men anplis, Juda toujou egare,

kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-16_06-50-08-