1 Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.5:1 Os 9:8
2 5:2 Os 9:15 Rebèl yo 5:2 És 29:15desann fon nan fè masak;
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 Mwen 5:3 Am 3:2konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon 5:4 Os 4:12lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo 5:4 Os 4:6,14 pa konnen SENYÈ a.
5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, 5:5 Éz 23:31-35 Juda va tonbe avèk yo.
6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo 5:6 Pwov 1:28p ap jwenn Li.
Li te 5:6 Éz 8:6 retire tèt Li kite yo.
7 Yo te 5:7 És 48:8aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo.
8 5:8 Jl 2:1 "Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
5:8 Jij 5:14 Dèyè ou, Benjamin!
9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan 5:9 És 37:3jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen 5:9 És 46:10deklare sa ki va rive.
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki 5:10 Det 19:14deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
5:11 Mi 6:16 akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.5:12 Sòm 39:11
13 "Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.5:13 Os 7:11; Os 10:6
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
5:14 Sòm 50:22 Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e 5:14 Mi 5:8 p ap gen
moun ki pou delivre.
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin 5:15 És 64:7rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè."