Publicidade

Pais e filhos

Por Bíblia Online –

A relação entre pais e filhos é uma das mais preciosas na Bíblia. Deus estabeleceu a família como escola de fé, amor e formação de caráter.

Honrar pai e mãe

Honrar os pais é o primeiro mandamento com promessa. Os filhos são chamados a obedecer, respeitar e cuidar de seus pais.

12 Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.2 Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l':3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

20 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.

22 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

26 Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.

4 Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.

Instruir os filhos

Os pais devem instruir os filhos no caminho certo. A educação começa cedo, com disciplina amorosa e ensino constante da Palavra.

6 Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.

6 Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.7 N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.

8 Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!9 Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou.

4 Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.

21 Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.

15 Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.

24 Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.

7 Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?

Filhos como bênção

Os filhos são herança do Senhor. A coroa dos velhos são os filhos dos filhos, e a glória dos filhos são seus pais.

3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

6 Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

24 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

1 Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.

11 Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason?12 Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze?13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.

8 Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

15 Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.

16 Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.

Publicidade