Pular para o conteúdo
Publicidade

A paixão de Cristo

Por Bíblia Online

A paixão de Cristo é o ato de amor supremo da história. Jesus sofreu voluntariamente a cruz, carregando os pecados da humanidade para nos dar vida eterna.

O caminho da cruz

Jesus sabia o que o aguardava. Mesmo em agonia, submeteu-se à vontade do Pai e caminhou resolutamente para o Calvário.

Depi sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.

Konsa Li te di yo: "Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M".

Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.

O sacrifício voluntário

Ninguém tirou a vida de Jesus — Ele a deu voluntariamente. Ele veio para servir e dar a sua vida em resgate por muitos.

"Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M."

Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt."

Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.

Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

Sila ki pa t okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

Epi Li menm te pote peche nou yo nan Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

Li te meprize e abandone pa lòm;

yon nonm ak gwo tristès

ki te konnen gwo soufrans,

ak tout maladi.

Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

Li te vin meprize,

e nou pa t bay Li okenn valè.

Anverite, se doulè nou yo Li te pote

ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

men nou te rekonèt Li kon moun pini,

frape pa Bondye e aflije.

Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

Li te kraze pou inikite nou yo.

Chatiman ki nou gen lapè a te tonbe sou Li,

e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

Seja o primeiro