Pular para o conteúdo
Publicidade

Jenèz 22

1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke 22:1 Det 8:2-16 Bondye te Abraham pase yon eprèv. Li te di li: "Abraham!" Epi li te reponn: "Men mwen".

2 Li te di: "Pran koulye a 22:2 Jen 22:12fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi 22:2 II Kwo 3:1Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo."

3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.

4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te plas la nan yon distans. 5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: "Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen kote nou."

6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te 22:6 Jn 19:17poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.

7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: "Papa m!"

Epi li te reponn: "Men mwen, fis mwen."

Konsa, li te di l: "Gade, men dife a avèk bwa, men kote 22:7 Egz 29:38-42jèn mouton an ye pou sakrifis la?"

8 Abraham te di: "Bondye va pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen." Epi yo de a te mache avanse ansanm.

9 Alò yo rive nan 22:9 Jen 22:2plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te 22:9 Eb 11:17-19poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.

11 Men 22:11 Jen 16:7-11 zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: "Abraham, Abraham!"

Li te reponn: "Men mwen isit la."

12 Li te di: "Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay 22:12 Jen 22:2-16 fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an."

13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen , yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, "Nan mòn SENYÈ a, 22:14 Jen 22:8 va gen pwovizyon."

15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: "22:16 Sòm 105:9Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va 22:17 Jr 33:22 miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 22:18 Jen 12:3 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te 22:18 Jen 18:19obeyi vwa Mwen."

19 22:19 Jen 22:5 Epi Abraham te retounen jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.

20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: "Gade byen, 22:20 Jen 11:29Milca osi te pitit pou frè ou, Nahor: 21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan 22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel." 23 Bethuel te vin papa 22:23 Jen 24:15Rebecca. Uit de Milcah sa yo te pitit pou Nahor, frè Abraham nan. 24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também