Pular para o conteúdo
Publicidade

Jenèz 44

1 44:1 Jen 42:25 Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: "Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li. 2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la." Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.

3 Depi li te klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo. 4 Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen Joseph te di a chèf domestik li a: "Leve, swiv mesye sa yo. nou rive sou yo, di yo konsa: Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? 5 Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou 44:5 Lev 19:26divinasyon an? Nou te mal nou te sa."

6 Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo. 7 Yo te di li: "Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta yon bagay konsa. 8 Gade byen, 44:8 Jen 43:21lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè , oswa lajan lakay mèt la? 9 44:9 Jen 31:32Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni 44:9 Jen 44:16esklav a mèt nou."

10 Alò, li te di: "Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan."

11 Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li. 12 Li te ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e 44:12 Jen 44:2tas la te twouve nan sak Benjamin an. 13 Konsa, yo te chire rad yo, e chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen 44:13 Jen 44:4nan vil la.

14 Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e 44:14 Jen 37:7-10 yo te tonbe atè devan li. 15 Joseph te di yo: "Ki zak sa ke nou te la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?"44:15 Jen 44:5

16 Konsa, Juda te di: "Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a."

17 Men li te di yo: "Kite sa byen lwen pou m sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè papa nou."

18 Alò, Juda te pwoche li. Li te di: "O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske 44:18 Jen 37:7-8 ou menm jan avèk Farawon. 19 44:19 Jen 43:7Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?20 Nou te di a mèt mwen: Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon 44:20 Jen 37:3timoun li te nan vyeyès li. Alò, 44:20 Jen 37:33frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.

21 "Konsa, ou te di sèvitè ou yo: 44:21 Jen 45:15-20 Mennen l desann pou m kapab fikse zye m sou li.

22 "Men nou te di a mèt nou: Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.

23 "Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: 44:23 Jen 43:3-5 Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap figi m ankò.

24 "Se te konsa li te rive ke nou te monte sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an. 25 44:25 Jen 43:2Papa nou te di nou: Retounen achte yon ti manje.26 Men nou te di: Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.

27 "Sèvitè ou, papa m, te di nou: Ou konnen ke 44:27 Jen 46:19madanm mwen te de fis pou mwen. 28 Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: "Asireman li te chire an mòso", e mwen pa li depi sa.44:28 Jen 37:31-35 29 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va 44:29 Jen 42:38mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou yo avèk tristès.

30 "Alò, pou sa, mwen rive sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske 44:30 I Sam 18:1lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an, 31 li ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va 44:31 Jen 44:29mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou yo avèk tristès. 32 Paske sèvitè ou te 44:32 Jen 43:9devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: Si mwen pa l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.

33 "Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo. 34 Paske kijan mwen kapab monte papa m si jènjan an pa avè m?paske mwen pou m ta malè ki vin pran papa m."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também