Publicidade

Poder de decisão

Por Bíblia Online

Deus nos deu o poder de escolher. A Bíblia mostra que nossas decisões têm consequências eternas e nos chama a escolher sabiamente — a vida, a fé e o caminho de Deus.

A responsabilidade de escolher

Escolhei hoje a quem servireis. Cada decisão molda nosso destino, e Deus nos convida a escolher o caminho da vida e da obediência.

Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a."

Josué te di a pèp la: "Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li."

Yo te reponn: "Nou se temwen."

"Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li," deklare Senyè BONDYE a. "Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri," deklare Senyè BONDYE a. "Akoz sa, repanti pou viv."

Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

"Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen.

Decisões e consequências

Deus retribuirá a cada um segundo as suas obras. As Escrituras nos alertam que a mornidão espiritual e a resistência ao Espírito têm consequências sérias.

Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.

"Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.

Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

"Paske nan yon tan ki kout,

Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li."

Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.

Decisão e fé

Decida com fé, entregue seus planos ao Senhor e aja com determinação. Deus guia os passos de quem se achega a Ele de coração.

Tiraj osò fèt nan fon wòb;

men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

Plan nan kè lòm yo anpil;

men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

e plan ou yo va etabli.

Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

"Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.

Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.

Pierre te di yo: "Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.

Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-