Consequências dos nossos atos
Toda ação tem consequências. A Bíblia ensina que colhemos o que semeamos — para o bem e para o mal. Deus pesará cada palavra e ato no dia do juízo.
Colher o que semear
Cada um prestará contas de si mesmo a Deus. O Senhor julgará as obras e os segredos dos homens com justiça perfeita.
Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. Paske avèk Bondye pa gen patipri.
Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
"Pa jije pou nou menm pa vin jije. Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven.
Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
Responsabilidade pessoal
Quem é sábio prevê o perigo e se esconde. A Palavra examina os pensamentos e intenções do coração.
Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
"Sa sen!" e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
"‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
"Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.
"‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
Consequências inevitáveis
A terra deu seu fruto conforme as obras dos que nela habitam. Ninguém escapa do juízo — Deus pesa cada ação.
Malgre, latè va vin dezole
akoz sila k ap viv ladann yo,
akoz fwi a zak yo.
Zak lèd nou yo va vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’"
Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: "Ou p ap egzije m sa".
Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.