Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 8

1 Li te vin rive ke Samuel te vin granmoun ke 8:1 Det 16:18-19li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. 2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan 8:2 I Wa 19:3Beer-Schéba. 3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.

4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan 8:4 I Sam 7:17Rama. 5 Yo te di li: "Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, 8:5 Det 17:14-15chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo." 6 Men bagay la te 8:6 I Sam 12:17degoutan nan zye Samuel yo te di: "Bannou yon wa pou jije nou."

Samuel te priye a SENYÈ a. 7 SENYÈ a te di a Samuel: "Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske 8:7 Egz 16:8yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. 8 Menm jan ak tout zak ke yo te soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yokonsa, y ap ou tou. 9 Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e yo konnen 8:9 I Sam 8:11-18prensip a wa ki va renye sou yo a."

10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a 8:10 I Sam 8:4pèp la ki te mande li pou yon wa a. 11 Li te di: "Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, 8:11 II Sam 15:1 yo va kouri devan cha li. 12 8:12 Nonb 31:14Li va chwazi pou li menm kòmandan sou milye ak senkantèn, ak kèk pou raboure a, pou rekòlt pa li, pou zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. 13 Li va osi pran fi nou yo pou pafen, kwizin e kòm bòs boulanje. 14 8:14 I Wa 21:7Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. 16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. 17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. 18 Konsa 8:18 És 8:21nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a."

19 Sepandan, pèp la te 8:19 És 66:4refize koute vwa Samuel. Yo te di: "Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, 20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou."

21 Konsa, Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, 8:21 Jij 11:11li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. 22 SENYÈ a te di a Samuel: 8:22 I Sam 8:7"Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa." Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: "Nou chak, ale nan vil pa nou."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também