Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 7

1 Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te 7:1 II Sam 6:3-4pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. 2 Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen longpaske li te pran ventan avan tout lakay Israël te lamantasyon devan SENYÈ a. 3 Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: 7:3 Jl 2:12-14"Si nou retounen SENYÈ a avèk tout nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije nou SENYÈ a, e 7:3 Luc 4:8sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo." 4 Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. 5 Alò, Samuel te di: 7:5 Jij 10:17"Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou." 6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: 7:6 Jij 10:10"Nou te peche kont SENYÈ a." Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.

7 Alò, Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. fis Israël 7:7 I Sam 13:6yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: 7:8 I Sam 12:19-24"Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo." 9 Samuel te pran yon 7:9 Lev 22:27ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. 10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou batay kont Israël. Men 7:10 II Sam 22:14-15SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. 11 Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.

12 Alò, Samuel te pran yon 7:12 Jen 35:14gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: "Jis rive la, SENYÈ a te ede nou." 13 Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e 7:13 I Sam 13:5yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.

14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte teritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak 7:14 Nonb 13:29Amoreyen yo.

15 Alò, Samuel te 7:15 I Sam 7:6jije Israël pandan tout jou lavi li yo. 16 Li te konn ale chak ane yon tou 7:16 Jen 28:19Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. 17 Alò vwayaj retou li sete nan 7:17 I Sam 1:1-19Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também