Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 31

1 31:1 I Kwo 10:1-12 Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa. 2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye 31:2 I Kwo 8:33Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo. 3 31:3 II Sam 1:6Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo. 4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: "Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e spò avè m." Men pòtè zam nan te refize, paske li te anpil. 31:4 II Sam 1:6-10Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5 pòtè zam nan te ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li. 6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.

7 mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo. 8 Li te vin rive nan pwochen jou a, Filisten yo te vini pou depouye yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa. 9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive 31:9 Jij 16:23-24lakay zidòl pa yo ak pèp yo a. 10 Yo te mete zam li yo nan tanp 31:10 Jij 2:13Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan. 11 Alò, moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te a Saül, 12 31:12 II Sam 2:4-7tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran Saül la avèk a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. yo te rive Jabès yo te brile yo la. 13 Yo te pran zo yo e te 31:13 II Sam 21:12-14antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te jèn pandan sèt jou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também