Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 29

1 Alò, 29:1 I Sam 28:1Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap kan akote sous ki nan Jizreel la. 2 Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e 29:2 I Sam 28:1-2David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.

3 Alò, kòmandan a Filisten yo te di: "Se kisa Ebre sa yo ap isit la?"

Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: "Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?"

4 Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: "nonm nan ale retounen, pou li kapab 29:4 I Sam 27:6retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, 29:4 I Sam 14:21oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? 5 Èske sa se pa David, 29:5 I Sam 18:7a sila yo te chante nan dans pa yo e di:

Saül te touye milye

e David di-milye?"

6 Alò, Akisch te rele David. Li te di l: "Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; 29:6 I Sam 27:8-12paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. 7 Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa mèt Filisten yo pa kontan."

8 David te di a Akisch: 29:8 I Sam 27:10-12"Men kisa mwen te ? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?"

9 Men Akisch te reponn David: "Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, 29:9 I Sam 29:4kòmandan Filisten yo te di: Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten 29:10 I Kwo 12:19-22avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm ou leve nan maten bonè, pati."

11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também