Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 5

1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive 5:1 Jos 13:3Asdod. 2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li 5:2 Jij 16:23-30lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. 3 Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, 5:3 És 19:1Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. 4 Men yo te leve bonè granmmaten, vwala, 5:4 Esd 6:4-6Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn Dagon an ki te rete sou li. 5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm 5:5 So 1:9 foule pye yo nan papòt Dagon an. 6 Alò 5:6 Sòm 145:20men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.

7 Mesye Asdod yo te ke sa te konsa, yo te di: "Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an." 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: "Kisa nou dwe avèk lach Bondye Israël la?"

Yo te reponn: "Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath." Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. 9 yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton 5:9 Jen 46:8-27 yo te vin pete sou yo. 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.

Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye . Yo te di: "Yo vin pote Bondye Israël la kote nou pou touye nou avèk pèp nou an." 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: "Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an." Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. 5:11 I Sam 5:6-9Men SENYÈ a te lou kote sa a. 12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e 5:12 Egz 12:30gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também