Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 19

1 Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men 19:1 I Sam 18:1-3 Jonathan fis a Saül la te kontan anpil akoz David. 2 Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: "Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. 3 Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi 19:3 I Sam 20:9-13si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou."

4 Konsa, Jonathan te 19:4 I Sam 20:32pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: "Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. 5 Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e 19:5 I Sam 11:13SENYÈ a te rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?"

6 Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te ve: "Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò."

7 Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David Saül, e li te vin nan prezans li kòm 19:7 I Sam 16:21oparavan.

8 te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.

9 Alò, te genyen yon 19:9 I Sam 16:14move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10 19:10 I Sam 18:11Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa. 11 19:11 Jij 16:2Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: "Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò." 12 Konsa, Mical te David lage19:12 Trav 9:25desann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. 13 Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. 14 Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: 19:14 Jos 2:5"Li malad."

15 Alò, Saül te voye mesaje yo David, e li te di: "Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò." 16 mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.

17 Konsa, Saül te di a Mical: "Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?"

Mical te reponn Saül: "Li te di mwen, Kite mwen ale! 19:17 II Sam 2:22Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?"

18 Alò David te sove ale e te chape rive 19:18 I Sam 7:17Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth. 19 Koze sa a te rive kote Saül ke: "Gade byen, David nan Najoth nan Rama."

20 Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men yo te konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi 19:20 Nonb 11:25yo tou te pwofetize. 21 sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.

22 Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: "Kote Samuel avèk David?" Epi yon moun te di:

"Veye byen, yo nan Najoth nan Rama."

23 Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, 19:23 I Sam 10:10Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a. 24 Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: 19:24 I Sam 10:10-12"Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?"

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também