Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 10

1 Konsa, 10:1 Egz 30:23-33Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: "Èske 10:1 I Sam 16:13SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a? 2 ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre 10:2 Jen 35:16-20tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: "Kisa mwen va konsènan pitit mwen an?""

3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte 10:3 Jen 35:1-7Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa moso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. 4 Yo va di ou: "Bonjou", e yo va ba ou de moso pen, ke ou va aksepte nan men yo.

5 Apre, ou va vini nan 10:5 I Sam 13:2-3ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. 6 Epi 10:6 Nonb 11:25-29Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7 10:7 Ekl 9:10Li va rive ke sign sa yo parèt sou ou, ou va pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.

8 "Epi 10:8 I Sam 11:14ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe ." 9 Alò, li te rive ke li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te 10:9 I Sam 10:6chanje li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. 10 10:10 I Sam 10:5-6yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. 11 Li vin rive ke tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: "Kisa ki rive a fis a Kish la? 10:11 Am 7:14-15Èske Saül osi pami pwofèt yo?"

12 Yon mesye nan plas sa a te di: "Alò, kilès ki papa yo?" Konsa, sa te devni yon pwovèb: 10:12 I Sam 19:23-24"Èske Saül, osi pami pwofèt yo?" 13 li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.

14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: "Kote ou te ale?"

Epi li te di: 10:14 I Sam 9:3-6"Pou chache bourik yo. Men nou vin yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel."

15 Tonton Saül te di li: "Souple, di m sa ke Samuel te di ou a."

16 Konsa Saül te di tonton li: "Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve." Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.

17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm SENYÈ a nan Mitspa. 10:17 Jij 20:1 18 Li te di a fis Israël yo: 10:18 Jij 6:8-9"Konsa pale SENYÈ a: Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: Non, men mete yon wa sou nou!Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo."10:19 I Sam 8:6-7; Jos 7:14-18

20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. 21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. 22 Pou sa, yo 10:22 I Sam 23:2-4vin mande plis a SENYÈ a: "Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?"

Pou sa, Bondye te di: "Gade byen, l ap kache li kote pwovizyon yo."

23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e li te kanpe pami pèp la, 10:23 I Sam 9:2li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. 24 Samuel te di a tout pèp la: "Èske nou sila ke 10:24 Det 17:5SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la."

"Konsa, tout pèp la te rele . Yo te di: "Viv Wa a!"

25 Alò, Samuel te pale pèp la 10:25 Det 17:14-20règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. 26 Anplis Saül te ale 10:26 I Sam 11:4lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk ki te touche pa Bondye te ale avèk li. 27 Men sèten 10:27 Det 13:13sanzave ki te di: "Kijan mesye sila a kapab delivre nou?" Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também