Pular para o conteúdo
Publicidade

II Kwonik Yo 18

1 Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te alyans avèk Achab pa maryaj. 2 18:2 I Wa 22:2-35Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad. 3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: "Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?"

Konsa, li te di li: "Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la." 4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: "Souple, ankèt avan pou pawòl SENYÈ a."

5 Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: "Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe bak?"

Epi yo te reponn: "Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a."

6 Men Josaphat te di: "Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?"

7 Wa Israël la te di a Josaphat: "Gen youn toujou ke nou kab demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a." Men Josaphat te di: "Pa kite wa a pale konsa."

8 Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: "vit, mennen Michée, fis Jimla a."

9 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita 18:9 Rt 4:1kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 10 Sédécias, fis a Kenaana a, te kòn an pou kont li. Li te di: "Konsa pale SENYÈ a, Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt."

11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: "Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a."

12 Konsa, mesaje ki te ale demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: "Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li."

13 Men Michée te di: "Jan SENYÈ a viv la, 18:13 Nonb 22:18-35sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale."

14 li te rive kote wa a, wa a te di li: "Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe bak?"

Li te di: "Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou."

15 Epi wa a te di li: "Konbyen fwa mwen oblije demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?"

16 Konsa, li te reponn: "Mwen te tout Israël gaye sou mòn yo 18:16 És 35:4-8tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè."

17 Wa Israël la te di a Josaphat: "Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?"

18 Michée te di: "Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: 18:18 És 6:1-5Mwen te SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. 19 SENYÈ a te di: Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. 20 Alò, yon 18:20 Job 1:16 lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li."

"Epi SENYÈ a te di: Kijan?

21 "Li te reponn: Mwen va ale l tankou yon 18:21 Jn 8:44lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.

"Epi Li te di: Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale sa.

22 "Alò, pou sa, gade byen, 18:22 És 19:14SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou."

23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te 18:23 Jr 20:2frape Michée sou machwè l e te di: "Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te kite mwen pou pale avè w?"

24 Michée te di: "Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache ou la, ou va sa."

25 Alò, wa Israël la te di: 18:25 II Kwo 18:8"Pran Michée e l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a. 26 Di yo: Konsa pale wa a: 18:26 II Kwo 16:10"Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.""

27 Michée te di: "Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen." Li te di: 18:27 Mi 1:2"Koute byen, tout pèp yo!"

28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 29 Wa Israël la te di a Josaphat: "Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou." Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la. 30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: "Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman."

31 Pou sa, chèf a cha yo te Josaphat, yo te di: "Li se wa Israël la," e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te 18:31 II Kwo 13:14-15kriye anmwey, e SENYÈ a te l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l. 32 chèf cha yo te ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li. 33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj a. Konsa, li te pale a chofè cha a: "Vire tounen e m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav." 34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também