Pular para o conteúdo
Publicidade

II Kwonik Yo 26

1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te li wa nan plas a papa li, Amatsia. 2 Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. 3 Ozias te gen 26:3 II Wa 15:2-3sèzan l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. 4 Li te sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn . 5 26:5 II Kwo 24:2Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, 26:5 Dan 1:17ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te l reyisi.

6 Alò, li te sòti pou 26:6 És 14:29lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. 7 26:7 II Kwo 21:16Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. 8 Anplis, Amonit yo te peye 26:8 II Kwo 17:11taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. 9 Anplis, Ozias te bati Jérusalem yo nan 26:9 II Kwo 25:23Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. 10 Li te bati nan dezè yo, e li te 26:10 Jen 26:18-21fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon yo, paske li te renmen latè anpil. 11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. 12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. 13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de 26:13 II Kwo 25:5twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. 14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans yo, banza yo ak wòch fistibal yo. 15 Nan Jérusalem, li te gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.

16 Men l te vin , li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske 26:16 I Wa 13:1-4li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. 17 Konsa, 26:17 I Kwo 6:10Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. 18 26:18 II Kwo 19:2Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: "Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, 26:18 Egz 30:7-8men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen , e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a."

19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, 26:19 II Wa 5:25-27lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. 20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te l sòti la byen vit, e li menm tou te vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. 21 26:21 II Wa 15:5-7Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.

22 Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt 26:22 És 1:1 Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo. 23 Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo 26:23 II Kwo 21:20nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: "Li gen lalèp". Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também