Pular para o conteúdo
Publicidade

II Kwonik Yo 3

1 3:1 I Wa 6:1 Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare 3:1 I Kwo 21:8sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. 2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. 3 Alò, sila yo se fondasyon ke 3:3 I Wa 6:2Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. 4 Galri ki te devan kay la te 3:4 I Wa 6:3menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch pi. 5 Li te kouvri 3:5 I Wa 6:17gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te kouvri li ak fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. 6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. a te sòti Parvaïm. 7 Anplis, 3:7 I Wa 6:20-22 li te kouvri kay la avèk yon kouch travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te 3:7 I Wa 6:29-35 grave cheriben yo sou mi yo.

8 Alò, li te 3:8 Egz 26:33chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk fen, ki te rive jis nan sis-san talan . 9 Pwa a klou yo te senkant sik an . Anplis, li te kouvri 3:9 I Kwo 28:11chanm anlè yo avèk .

10 Li te de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk . 11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. 12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an. 13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo gran chanm nan. 14 Li te vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te desen cheriben yo sou li.

15 Anplis, li te 3:15 I Wa 7:15-20 de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. 16 Li te chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te san grenad e te mete yo sou chenn yo. 17 3:17 I Wa 7:21Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também