1 Sajès 9:1 Kol 3:9-10bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Li te 9:2 Mat 22:4prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 Li 9:3 Sòm 68:11voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 "Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!"
Pou sila ki 9:4 Pwov 6:32 manke bon konprann nan, li di:
5 "Vin 9:5 Kan 5:1manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6 Kite foli ou pou ou ka viv;
epi 9:6 Éz 11:20avanse nan chemen bon konprann nan."
7 Sila ki 9:7 Pwov 23:9korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
9:8 Sòm 141:5 repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va 9:9 Pwov 1:5ogmante konesans li.
10 9:10 Job 28:28 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske 9:11 Pwov 3:16pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj 9:12 Job 22:2pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13 Fanm sòt 9:13 Pwov 7:11pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote 9:14 Pwov 9:3wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 9:16 Pwov 9:4 Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 "Dlo yo vòlè dous
e 9:17 Pwov 20:17pen ki manje an sekrè byen agreyab."
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.