Pular para o conteúdo
Publicidade

II Tesalonisyen Yo 1

1 Paul, Silvain ak Timothée, a 1:1 Trav 17:1legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 1:2 Wo 1:7Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.

3 Nou ta dwe toujou 1:3 Wo 1:8bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e 1:3 I Tes 3:12lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou 1:4 II Kor 7:4pale avèk fyète de nou pami 1:4 I Tes 2:14legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou 1:5 Luc 20:35ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo 1:7 Luc 17:30Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila 1:8 Gal 4:8ki pa konnen Bondye yo, e a sila 1:8 Wo 2:8ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.

9 Sila yo va peye pinisyon 1:9 Fil 3:19destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Li vini pou L kapab 1:10 És 49:3glorifye nan sen Li yo nan 1:10 És 2:1jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yopaske nou te kwè temwayaj pa nou a.

11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou 1:11 I Wa 22:22Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou 1:12 És 24:15non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também

2 Tessalonicenses
Ver todos os capítulos de 2 Tessalonicenses