1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa 10:1 Sòm 22:1Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo 10:2 Sòm 7:16kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3 Paske mechan a ap vin ògeye sou 10:3 Sòm 94:3dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: 10:4 Sòm 14:1"Nanpwen Bondye."
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6 Li di a pwòp tèt li: 10:6 Rev 18:7"Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou."
7 10:7 Wo 3:14 Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li 10:8 Sòm 94:6touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen 10:9 Sòm 140:5an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: 10:11 Sòm 10:4"Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa."
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, 10:12 Sòm 17:7leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: "Ou p ap egzije m sa".
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede 10:14 Sòm 68:5òfelen an.
15 10:15 Sòm 37:17 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
10:16 Det 8:20 Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande 10:17 Sòm 9:18dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk 10:18 Sòm 9:9oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.