Publicidade

Gravidez e maternidade

Por Bíblia Online

Gravidez e maternidade são bênçãos celebradas na Bíblia. Deus forma cada criança no ventre, cuida da mãe e da família, e abençoa a geração dos justos.

Filhos são herança do Senhor

Deus abençoa a fertilidade e o crescimento das famílias. Cada criança é obra de suas mãos, conhecida e amada antes mesmo de nascer.

Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.

Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.

Desandan li yo va pwisan sou latè.

Jenerasyon ladwati a va beni.

Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.

Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

Fwi a vant la se yon rekonpans.

Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,

pou mwen pa livre pitit la?" pale SENYÈ a.

"Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,

ta fèmen vant lan?" pale Bondye nou an.

Força e cuidado na gravidez

Deus dá forças à mulher grávida e a sustenta em cada etapa. Sua graça é suficiente e seu poder se aperfeiçoa na fraqueza.

Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

Men Li te di mwen: "Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès". Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

Panche zòrèy W bò kote mwen.

Delivre mwen byen vit.

Devni pou mwen wòch ki ban m fòs,

yon sitadèl ki pou sove m.

Soti nan dènye pwent latè,

mwen rele Ou lè kè m fèb;

Mennen mwen sou wòch

ki pi wo pase m nan.

Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li.

Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,

e pote yo sou lestonmak Li.

Ak dousè, Li va mennen manma a

ak ti mouton piti yo.

Koute Mwen, O lakay Jacob

ak tout retay lakay Israël la;

nou menm ki te pote menm depi nan nesans,

ki te pote depi nan vant.

Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

Mwen te fè, e Mwen va pote.

Mwen va pote, e Mwen va delivre.

A bênção da maternidade

A Bíblia honra a maternidade como ministério sagrado. As mães são instrumentos de Deus para formar vidas e transmitir a fé.

Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

Pitit li yo leve e beni li;

mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: "Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:"

Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a.

Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.

Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: "Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li."

Proteção divina

Deus protege a mãe e o bebê, guardando-os de todo mal. Ele acompanha cada momento com ternura e fidelidade.

Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

Mwen va di a SENYÈ a:

"Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

Se nan Li mwen mete konfyans!"

SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.

Li va kenbe nanm ou.

Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,

depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo. Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi,

Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

Esperança e promessa

A maternidade é caminho de esperança. Como Sara, Ana e Isabel, as mães encontram na fé a força para aguardar as promessas de Deus.

Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.

Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli."

Marie te di:

"Nanm mwen egzalte Senyè a,

Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

paske gade byen, soti nan moman sa a

jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

Paske Toupwisan an

te fè gwo bagay pou mwen.

Non Li sen.

Li fè fanm steril la vin rete nan kay

kon yon manman pitit ak kè kontan.

Louwe SENYÈ a!

Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li."

Madanm ou ap tankou yon chan rezen

ki bay anpil rezen lakay ou.

Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-