Publicidade

Preocupação

Por Bíblia Online

A preocupação é uma das maiores armadilhas da vida moderna. Jesus ensinou que a ansiedade nada acrescenta à nossa vida e nos convida a confiar na provisão do Pai celestial.

Não se preocupe

Jesus disse: não andeis ansiosos pela vossa vida. O Pai celestial sabe do que precisamos e cuida de nós com ternura e fidelidade.

"Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?

"Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li."

Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.

Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: "Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.

"Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.

"Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. "Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!

"Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

" Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.

"Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.

"Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di."

Yon moun nan foul la te di Li: "Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m."

Men Li te di li: "Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?"

Answit Li te di yo: "Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede."

Konsa, Li te bay yo yon parabòl: "Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil."

"Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’

"Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’"

"Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’

"Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye."

Li te di sa a disip Li yo: "Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.

"Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.

"Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?

"Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!

"Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa kontinye enkyete nou. Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.

"Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.

"Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.

"Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.

"Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape. Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.

"Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.

"Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’"

Senyè a te reponn: "Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt? Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an. Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.

"Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.

"Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.

"Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.

"Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!

"Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!

"Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon. Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa. Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè."

Li t ap di anplis a foul la: "Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive. Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive. Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?

" "Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon? Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon. Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan."

Entregar a ansiedade a Deus

Lançar sobre o Senhor toda ansiedade é um ato de fé. A paz de Deus, que excede todo entendimento, guarda nosso coração e mente.

Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

men yon bon pawòl fè l leve.

Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

SENYÈ, tout volonte m devan Ou.

Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.

A paz de Cristo

Jesus prometeu sua paz — não como o mundo dá, mas uma paz que transcende as circunstâncias e silencia o medo.

Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

"Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

Pa pè, paske Mwen avèk ou.

Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

Mwen va fòtifye ou.

Anverite Mwen va bay ou sekou.

Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

men dwat Mwen.

"Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

Confiança na provisão divina

Deus é poderoso para suprir abundantemente. O choro pode durar uma noite, mas a alegria vem pela manhã. Sua graça basta.

Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: "Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase."

Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. Li te di: "Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a."

Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.

Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

pou l pa nan kè ou,

e fè mal rete lwen chè ou;

paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-