Relacionamentos
Os relacionamentos são centrais na vida cristã. A Bíblia orienta sobre amizade, casamento, família e convivência, sempre tendo o amor como fundamento de toda relação.
Amor e amizade
O amigo ama em todo tempo. A Bíblia valoriza amizades verdadeiras que edificam, fortalecem e desafiam ao crescimento mútuo.
17 Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
17 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
9 Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.
10 Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men.
12 Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.
Casamento e família
O casamento é aliança sagrada. O marido deve amar a esposa como Cristo amou a Igreja, e ambos devem cultivar respeito e submissão mútua.
25 Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.26 Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.
28 Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.
33 Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
22 Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a.23 Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li.
18 Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.19 Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.
18 Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
2 Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.
14 Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
10 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
7 Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
Convivência saudável
Os relacionamentos florescem quando tratamos os outros como gostaríamos de ser tratados, com amor crescente e caráter maduro.
12 Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
12 Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.
8 Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
14 Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?
10 Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
5 Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.6 Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye.7 Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.
1 Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.