Publicidade

Resistir

Por Bíblia Online –

Resistir ao diabo e às forças do mal é um imperativo bíblico. Deus nos deu autoridade, armas espirituais e poder para enfrentar e vencer toda investida do inimigo.

Autoridade em Cristo

Jesus deu aos seus discípulos autoridade sobre todo o poder do inimigo. Em seu nome, temos domínio sobre as trevas.

19 Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

17 Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.

1 Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi.

1 Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

19 M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.

A armadura de Deus

Somos chamados a revestir a armadura completa de Deus para resistir às ciladas do diabo e permanecer firmes na batalha espiritual.

10 Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.11 Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

4 Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,5 m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la.

Firmes na resistência

Resistir ao diabo é um ato de fé ativa. A Bíblia nos garante que quando resistimos, ele foge, e que maior é o que está em nós do que o que está no mundo.

8 Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.9 Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

4 Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

8 Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.

33 Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

19 Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.

Publicidade