Publicidade

Descansar no Senhor

Por Bíblia Online

Descansar no Senhor é um ato de fé. Em um mundo agitado, Deus nos convida a entregar nossas ansiedades, aquietar o coração e confiar plenamente em sua provisão e cuidado.

O convite ao descanso

Jesus convida os cansados e sobrecarregados a irem a Ele e encontrar descanso para as suas almas. O jugo dele é leve.

"Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè."

Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

"Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

Mwen va leve wo pami nasyon yo.

Mwen va leve wo sou tè a."

Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.

Vide kè nou devan Li.

Bondye se yon refij pou nou.

Confiança e paz

Quem confia no Senhor encontra paz perfeita. A ansiedade perde o poder quando entregamos tudo nas mãos do Deus soberano.

Sila ki rete fèm nan panse li yo,

Ou va kenbe nan lapè pafè,

akoz li gen konfyans nan Ou.

Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: "Nan repantans ak repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye." Men nou pa t vle.

Epi zèv ladwati a va lapè,

e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

k ap dire jis pou tout tan.

sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

yo va monte anwo ak zèl kon èg.

Yo va kouri, e yo p ap bouke;

yo va mache, e yo p ap fatige.

Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

Esperar no Senhor

Esperar no Senhor renova as forças. A Bíblia nos ensina que aquietar-se diante de Deus e confiar em seu tempo é marca da maturidade espiritual.

Tann SENYÈ a.

Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

Wi, tann SENYÈ a.

Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.

Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

Tranble, men pa fè peche.

Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

a moun ki chache Li a.

Se bon pou yon nonm gen espwa,

e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

A fidelidade de Deus

Deus é fiel. Seus planos são de paz e esperança. Podemos descansar sabendo que Ele guarda e sustenta quem nele confia.

Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo," deklare SENYÈ a, "plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.

"Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

Li p ap twouble nan ane sechrès la,

ni sispann bay fwi.

Konsa, Li te di: "Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo."

Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.

Paske li te di a Juda: "Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote." Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.

Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: "Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a."

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-