Pular para o conteúdo
Publicidade

Josué 19

1 Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo. 2 Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada, 3 avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem, 4 Eltholad, Bethul, Horma 5 Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa, 6 Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo; 7 Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo; 8 epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo. 9 Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a.

10 Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. 11 Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan. 12 Epi li te vire soti nan Sarid lès, solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia. 13 Soti la, li te kouri lès, solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa. 14 Lizyè a te koube antoure li rive nan Hannathon e li te bout li nan vale Jiphthach-El. 15 Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo. 16 Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.

17 Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo. 18 Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak 19:18 I Sam 28:4Sunem, 19 Hapharaïm, Schion, Anacharath, 20 Rabbith, Kischjon, Abets, 21 Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets: 22 Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo. 23 Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.

24 Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo. 25 Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph, 26 Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès. 27 Li te vire lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye 19:27 I Wa 9:13Cabul, 28 avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan 19:28 Jen 10:19Gran Sidon. 29 Lizyè a te vin vire Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te bout li nan lanmè zòn 19:29 Jij 1:31Aczib. 30 Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo. 31 Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.

32 Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo. 33 Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin bout li nan Jourdain an. 34 Epi lizyè a te vire lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon sid, li te touche Aser sou lwès e Juda kote Jourdain an lès. 35 Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth, 36 Adama, Rama, Hatsor, 37 avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor, 38 Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo. 39 Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.

40 Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo. 41 Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch, 42 avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla, 43 epi Élon, Thiminatha, Ékron, 44 Eltheké, Guibbethon, Baalath, 45 Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon, 46 Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a. 47 Teritwa a 19:47 Jij 18:1fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo. 48 Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo.

49 yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan. 50 An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, 19:50 Nonb 13:8Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann. 51 19:51 Jos 18:10Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também