Pular para o conteúdo
Publicidade

Josué 16

1 Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, lès nan 16:1 Jos 8:15dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel. 2 Li te sòti Béthel Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth. 3 Li te kouri desann lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati 16:3 Jos 18:13Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te bout li nan lanmè.

4 16:4 Jos 17:4 Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo. 5 Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, lès se te 16:5 Jos 18:13Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. 6 Epi lizyè a te vire nan lwès nan 16:6 Jos 17:7Micmethath nan ; epi lizyè a te vire lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach. 7 Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a 16:7 I Kwo 7:27Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an. 8 Soti nan 16:8 Jos 17:8Tappuach, lizyè a te kontinye lwès nan ti rivyè Kana a e te bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo, 9 avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo. 10 Men yo pa t chase sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também