Sacrifício
O sacrifício é o coração do evangelho. Jesus entregou tudo por nós na cruz, e somos chamados a oferecer nossas vidas como sacrifício vivo, agradável a Deus.
O sacrifício supremo de Cristo
Jesus deu a própria vida como resgate por muitos. Seu sacrifício na cruz é o ato supremo de amor de toda a história — o Justo morrendo pelos injustos.
45 Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
28 Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
18 Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò,19 y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
28 Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.29 Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!
46 Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
13 Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
6 Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.
O cordeiro sem defeito
Cristo nos resgatou com seu sangue precioso, como cordeiro sem defeito. Ele se ofereceu uma vez por todas para tirar os pecados do mundo.
18 Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.19 Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.
28 Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
14 nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.
7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
3 Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.4 Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.
2 Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
14 Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
Nosso sacrifício em resposta
Movidos pelo amor de Cristo, somos chamados a oferecer nossas vidas, nossos bens e nosso serviço como sacrifício vivo. Deus se agrada da entrega generosa.
13 Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
24 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li.
9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
3 Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
13 Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
9 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
32 Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
36 Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
24 Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.