Publicidade

Santidade

Por Bíblia Online

A santidade é o chamado supremo de Deus para o seu povo. 'Sede santos, porque eu sou santo' — essa ordem ressoa por toda a Escritura, convidando-nos a uma vida separada para Deus.

O chamado à santidade

Deus nos escolheu antes da fundação do mundo para sermos santos. A santificação é sua vontade expressa e nosso destino em Cristo.

men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. Paske sa ekri: "Nou dwe sen, paske Mwen Sen."

men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. Paske sa ekri: "Nou dwe sen, paske Mwen Sen."

Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,

Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.

ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite,

O Deus santo

O Senhor é santo em toda a sua natureza. O universo testemunha sua santidade, e os anjos proclamam: Santo, Santo, Santo.

Sepandan, Ou sen;

Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.

Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

Sila ki viv jis pou tout tan an,

non a Li se Sila ki Sen an, pale:

"Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

pou fè leve lespri a enb yo,

e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’"

Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a," deklare Senyè BONDYE a: "lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.

A prática da santidade

A santidade se expressa em pensamentos puros, ações corretas e separação do pecado. É um processo contínuo de purificação e dedicação a Deus.

Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.

Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.

Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.

Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.

Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.

M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.

Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.

Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.

Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.

Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.

Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch— Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.

A Palavra que santifica

Jesus disse: 'Santifica-os na verdade; a tua palavra é a verdade.' A Bíblia é o instrumento de Deus para nos purificar e transformar.

Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.

Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

Nan kenbe li selon pawòl Ou.

Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

Templo do Espírito Santo

Nosso corpo é templo de Deus. Devemos honrá-lo com santidade, guardando mente e coração e buscando a semelhança com Cristo.

Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?

A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou.

Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a

Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

Fè tout bagay san plenyen ni diskite. Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.

Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.

Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. Men mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.

Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li, paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.

Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè."

"Alò, pèsonn, lè l fin limen yon lanp pa kouvri li avèk yon veso, ni mete l anba yon kabann; men li mete li sou yon chandelye, pou sila yo ki antre kapab wè limyè a.

Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

pou nou ka viv;

epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

jis jan nou te pale a!

Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:

"Sa sen!" e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.

Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.

Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.

"‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!

Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:

non l se SENYÈ a!

Rejwi devan Li an!

Yon papa pou òfelen yo

e yon jij pou vèv yo,

se Bondye nan lye sen Li an.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-