Pular para o conteúdo
Publicidade

Pwovèb 9

1 Sajès 9:1 Kol 3:9-10bati kay li a;

li taye sèt gwo pilye li yo.

2 Li te 9:2 Mat 22:4prepare manje li,

li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.

3 Li 9:3 Sòm 68:11voye demwazèl li yo deyò,

li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:

4 "Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!"

Pou sila ki 9:4 Pwov 6:32 manke bon konprann nan, li di:

5 "Vin 9:5 Kan 5:1manje manje mwen an,

e bwè diven ke m te melanje a.

6 Kite foli ou pou ou ka viv;

epi 9:6 Éz 11:20avanse nan chemen bon konprann nan."

7 Sila ki 9:7 Pwov 23:9korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,

e sila ki repwoche yon nonm mechan

va resevwa ofans sou tèt li.

8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;

9:8 Sòm 141:5 repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.

9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,

enstwi yon nonm dwat e li va 9:9 Pwov 1:5ogmante konesans li.

10  9:10 Job 28:28 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

11 Paske 9:11 Pwov 3:16pa mwen, jou ou yo va miltipliye,

e ane yo ap ogmante sou lavi ou.

12 Si ou saj, ou saj 9:12 Job 22:2pou pwòp tèt ou;

e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.

13 Fanm sòt 9:13 Pwov 7:11pale byen fò ak gwo vwa;

li bèt, e li pa konnen anyen.

14 Li chita devan pòtay lakay li,

sou yon chèz akote 9:14 Pwov 9:3wo plas vil yo.

15 Li rele sila ki pase yo,

ki ap fè chemen yo dwat yo:

16  9:16 Pwov 9:4 Sila ki pa konnen anyen an,

kite li antre isit la.

Pou sila ki manke konprann nan, li di:

17 "Dlo yo vòlè dous

e 9:17 Pwov 20:17pen ki manje an sekrè byen agreyab."

18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.

Vizitè li yo la.

Yo nan fon Sejou mò yo.

Todos os capítulos de Pwovèb 31
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.