Sofrimento
O sofrimento é uma realidade da vida neste mundo, mas a Bíblia revela que Deus está presente em toda dor, produzindo caráter, esperança e redenção através das tribulações.
O sofrimento de Cristo
Jesus sofreu por nós, carregando nossas dores e enfermidades. Ele é o modelo supremo de como enfrentar o sofrimento com fé e obediência.
3 Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
4 Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'.
28 Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.29 Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!
21 Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.
10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,
O propósito do sofrimento
Deus usa as tribulações para produzir perseverança, caráter e esperança. O sofrimento presente não se compara com a glória que será revelada.
3 Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.4 Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa.
18 Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.
5 Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.
29 Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
1 Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò.
Consolação e companhia
Deus consola os aflitos para que possamos consolar outros. Nunca estamos sozinhos no sofrimento — Ele é o Pai das misericórdias.
3 Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.4 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
2 Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
19 (34:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
10 Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
14 Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
Fé em meio à dor
Os grandes homens e mulheres de fé sofreram e perseveraram. O sofrimento nos aproxima de Deus e nos leva a entender seu coração.
20 Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.21 Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
17 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!
38 Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis.
39 Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
23 Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.24 Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.
3 Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.
35 Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la:
3 Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.
22 Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.23 Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.
14 Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.