Publicidade

Uma só carne

Por Bíblia Online

O conceito de 'uma só carne' é o fundamento bíblico do casamento. Desde a criação, Deus uniu homem e mulher em uma aliança indissolúvel de amor, compromisso e intimidade.

A instituição divina do casamento

Deus criou o homem e a mulher e os uniu em aliança. O casamento é obra de Deus, e o que Ele juntou não separe o ser humano.

Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

Lòm nan te di: "Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."

Alò, Senyè Bondye a te di: "Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen".

Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.

Li te reponn yo: "Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’"

Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l."

O mistério da união

Paulo ensina que a união conjugal é um grande mistério que aponta para Cristo e a Igreja. A intimidade reflete a comunhão espiritual plena.

Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. Paske nou se manm a kò Li. "Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè." Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: "Yo de a va devni yon sèl chè". Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li.

Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.

Fidelidade e alegria

A aliança conjugal exige fidelidade, respeito e dedicação mútua. A Bíblia celebra a alegria da intimidade dentro do casamento.

Kite fontèn dlo ou a rete beni,

e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

kite tete li yo satisfè ou tout tan.

Rete debòde nèt ak lanmou li.

Paske poukisa fis mwen an,

ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

e anbrase lestonmak a yon etranje?

Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

Pou sa, mete akote sa ki fo, e "pale verite a, nou chak avèk vwazen nou", paske nou se manm a youn lòt.

Luis Carlos De Souza
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-20_17-16-08-