Publicidade

Vícios

Por Bíblia Online

A Bíblia nos alerta contra os vícios e comportamentos destrutivos. Deus nos chama à liberdade em Cristo, não à escravidão de desejos e hábitos que consomem corpo e alma.

A escravidão do pecado

Todo vício é uma forma de escravidão. Jesus veio para libertar os cativos e restaurar a verdadeira liberdade dos filhos de Deus.

Jésus te reponn yo "Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki peche se esklav a peche a.

Se pou sa, si Fis la nou lib, nou ap vrèman lib.

Se pou sa, si Fis la nou lib, nou ap vrèman lib.

Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, "Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. E nou va konnen laverite a, e verite a va nou lib."

Se te pou libète ke Kris te nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

Èske nou pa konnen ke nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?

Resistência e domínio próprio

O fruto do Espírito inclui o domínio próprio. O cristão é chamado a ter controle sobre seus desejos, resistir à tentação e vigiar contra as obras da carne.

lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.

Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.

Mwen disipline mwen pou l vin esklav mwen, sof ke petèt m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb."

Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.

Libertação e renovação

Em Cristo somos libertos de toda forma de dependência. Pela renovação da mente, aprendemos a discernir e rejeitar o que nos prende.

Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

Menm jan konsidere nou menm kòm ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.

Konsa, pa kite peche reye nan mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. Pa kontinye ofri manm nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm nou a Bondye kòm enstriman ladwati.

Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.

Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;

pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.

Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak yo a.

Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.

Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.

Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

Sila ki kache transgresyon li yo, p ap pwogrè;

men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

O corpo como templo

Nosso corpo é templo do Espírito Santo. Devemos honrar a Deus com o corpo, fugindo da embriaguez, da imoralidade e de toda impureza.

Oubyen èske nou pa konnen ke nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou?

Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.

Diven se yon mokè, e bwason goumen rive nan tenten;

nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.

Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.

Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.

"Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.

Paske sa ekri:

"Jan Mwen vivan an, di Senyè a,

tout jenou ap bese devan Mwen,

e tout lang ap bay lwanj a Bondye".

Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-