Publicidade

1 Coríntios 11

1 11:1 I Kor 4:16 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.

2 Alò mwen nou konpliman akoz ke nou 11:2 I Tes 1:6sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se 11:3 Ef 5:23tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la. 4 Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen 11:4 Trav 13:1pwofetize, dezonore tèt li. 5 Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki 11:5 Det 21:12pase razwa nan tèt li. 6 Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li. 7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se 11:7 Jen 1:26imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. 8 Paske 11:8 Jen 2:21-23gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men 11:9 Jen 2:18fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti 11:12 Wo 11:36nan Bondye. 13 11:13 Luc 12:57Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri? 14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li, 15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li. 16 Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni 11:16 I Kor 7:17legliz Bondye yo 11:16 I Kor 4:5pa pou gen okenn lòt pratik.

17 Men mwen bay nou komman sila a, 11:17 I Kor 11:2,22mwen pa nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18 Paske premyèman, nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke 11:18 I Kor 1:10gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20 Konsa, nou reyini ansanm, nou pa l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e 11:21 Jd 12yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize 11:22 I Kor 10:32legliz Bondye a, e sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe nou konpliman? Nan sa, mwen p ap nou konpliman.

23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke 11:23 I Kor 11:23-25Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: "Pran, manje. Sa se Mwen ki kase pou nou. sa nan memwa a Mwen menm." 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: "Tas sa a se 11:25 Luc 22:20akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, sa nan memwa a Mwen menm." 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a 11:26 Jn 21:22jiskaske Li vini.

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va 11:27 Eb 10:29koupab de ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe 11:28 Mat 26:22egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije Senyè a.11:29 Trav 7:60 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk 11:30 Trav 7:60 mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men nou vin jije, nou 11:32 II Sam 7:14 korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33 Konsa, frè m yo, nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun 11:34 I Kor 11:21grangou, ke li manje 11:34 I Kor 11:22lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo m vini.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-