1 Gade 3:1 Jn 3:16ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele 3:1 Jn 1:12ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke 3:2 Wo 8:29lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va 3:2 Jn 17:24wè Li menm jan ke Li ye. 3 Epi tout moun ki gen 3:3 Wo 15:12espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. 3:4 Wo 4:15Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab 3:5 Jn 1:29retire peche yo, epi 3:5 II Kor 5:21nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li 3:6 I Jn 3:9pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Ti moun yo, pa kite pèsòn 3:7 I Jn 2:26twonpe nou. 3:7 I Jn 2:29Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. 8 Men sila ki pratike peche se 3:8 Jn 8:44a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 Nanpwen pèsòn ki 3:9 Jn 1:13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Selon sa 3:10 Jn 1:12pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen 3:10 I Jn 2:9frè li.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a 3:11 Jn 15:12ke nou dwe renmen yon lòt. 12 Pa kon 3:12 Jen 4:8Caïn, ki te apatyen a 3:12 I Jn 2:13mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13 Pa etonnen, frè yo, si 3:13 Jn 15:18lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou 3:14 Jn 5:24kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt ki 3:15 Mat 5:21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lamou; ke 3:16 Jn 10:11Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men 3:17 Jc 2:15nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi 3:17 Det 15:7sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan 3:18 II Jn 1verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou 3:19 I Jn 2:21nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen 3:21 I Jn 2:28konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou 3:22 I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, epi fè 3:22 Jn 8:29bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou 3:23 Jn 6:29kwè nan 3:23 Jn 1:12non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.
24 Sila a ki 3:24 I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke 3:24 I Jn 2:5Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.