Pular para o conteúdo
Publicidade

Michée 2

1 Malè a sila k ap 2:1 Sòm 36:4plan inikite yo,

k ap manevre mechanste sou kabann yo!

maten rive, yo pratike li,

paske sa nan pouvwa a men yo.

2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,

kay yo, e konsa yo pran yo.

Yo oprimen yon nonm ak kay li,

Yon nonm ak tout eritaj li.

3 Pou sa, pale SENYÈ a:

"Gade byen, Mwen ap yon plan kont pèp sa a,

yon malè k ap nou p ap ka retire kou nou;

ni nou p ap ka mache ak awogans,

paske sa se yon 2:3 Det 28:48; Am 5:13 move tan.

4 Nan jou sa a, yo va 2:4 Hab 2:6 leve kont nou yon pawòl;

mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.

Yo va di: Nou fin 2:4 És 6:11detwi nèt!

Li divize eritaj a pèp mwen an.

A la retire, Li retire l nan men mwen!

Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!"

5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann 2:5 Nonb 34:13,16-29lign mezi

pou tiraj osò nan asanble SENYÈ a.

6 "Pa pwofetize"!yo pwofetize

"Pa pwofetize de bagay de sila yo.

Repwòch sa yo p ap janm rive nou."

7 Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?

"Èske Lespri SENYÈ a pa 2:7 És 50:2an kolè?

Èske bagay sa yo se zèv pa Li?

Èske pawòl Mwen yo pa byen

pou sila k ap mache dwat la?"

8 Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon 2:8 Jr 12:8ènmi.

Nou chire retire manto ak abiman

de sila k ap pase pa aza yo;

moun k ap retounen, soti nan lagè.

9 Fanm a pèp Mwen yo, nou 2:9 Jr 10:20chase yo deyò

pou soti kite bèl ti kay yo.

Nan men jèn pitit yo, nou rache retire

tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.

10 Leve ale!

Se pa isit ou ap jwenn repo;

li plen ak sa ki 2:10 Sòm 106:38pa pwòp, sa kab detwi,

menm avèk yon destriksyon byen grav.

11 Si yon nonm ap mache nan yon

lespri manti pou l di:

2:11 Jr 5:31 "Mwen va pale avèk nou konsènan

diven ak bwason ,"

li ta kapab menm vin pwofèt a 2:11 És 30:10,11 pèp sa a.

12 Anverite, Mwen va 2:12 Mi 4:6,7 rasanble nou tout, O Jacob!

Anverite, Mwen va ranmase 2:12 Mi 5:7,8retay Israël yo.

Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;

tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.

Y ap plenn ak moun.

13 Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo.

Yo kraze pòtay la pou soti.

Se wa yo ki pase devan yo,

ak SENYÈ la a latèt yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também