Pular para o conteúdo
Publicidade

Michée 1

1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a 1:1 Jr 26:18 Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te konsènan Samarie ak Jérusalem nan.

2 Tande, O pèp yo, nou tout!

1:2 Jr 6:19 Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.

Kite SENYÈ Bondye a vin 1:2 És 50:7temwen kont nou;

SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.

3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin 1:3 És 26:21sòti nan plas Li a.

Li va vin desann pou 1:3 Am 4:13 foule wo plas latè yo.

4 1:4 Sòm 97:5 Mòn yo fann anba Li;

Vale yo fann tankou lasi devan dife,

tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.

5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la

ak pou peche Israël la.

Se kisa ki 1:5 Jr 2:19 rebelyon a Jacob la?

Èske se pa 1:5 És 7:9Samarie?

Se kisa ki wo plas a Juda yo?

Èske se pa Jérusalem?

6 Alò, Mwen va Samarie vin yon pil 1:6 II Wa 19:25mazi nan yon chan louvri,

tankou yon kote pou plante yon chan rezen.

Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,

e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.

7 Tout 1:7 Det 9:21 zidòl li yo va vin kraze nèt,

tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,

e tout zidòl li yo Mwen va detwi;

paske se pou salè a yon 1:7 Det 23:18pwostitiye ke li te ranmase yo,

e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.

8 Pousa, mwen oblije dèy e kriye .

Mwen oblije ale 1:8 És 32:11 pye atè ak toutouni.

Mwen oblije lamantasyon tankou 1:8 És 13:21,22chen mawon,

plenyen tankou otrich!

9 Paske 1:9 És 3:26blesi li a p ap ka geri;

paske li fin rive nan Juda.

Li rive nan pòtay a pèp mwen an,

menm Jérusalem.

10 1:10 II Sam 1:20 Pa pale sa nan Gath.

Pa kriye menm.

Nan Beth-Leaphra mwen te woule

mwen nan pousyè.

11 Ale wout ou, ou menm ki rete Schaphir;

nan 1:11 Éz 23:29 lawont ak toutouni ou.

Moun 1:11 Jos 15:37Tsaanan p ap chape.

Plenyen Beth-Haëtsel la:

Li va retire sou ou tout soutyen li.

12 Paske moun Maroth vin fèb nan 1:12 És 59:9-11tann sa ki bon,

akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,

rive nan pòtay Jérusalem nan.

13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun 1:13 Jos 10:3Lakis!

Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an

akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.

14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.

Lakay 1:14 Jos 15:44 Aczib yo va vin yon 1:14 Jr 15:18desepsyon pou wa Israël yo.

15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila

k ap pran posesyon nou an,

O nou menm k ap viv nan 1:15 Jos 15:44Maréscha yo!

Glwa Israël la va antre menm nan 1:15 II Sam 23:13 Adullam.

16 Vin 1:16 És 22:12chòv nèt;

koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.

Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,

paske 1:16 II Wa 17:6 yo te ale an egzil kite ou!

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também