Publicidade

Miquéias 5

1 Alò, rasanble nou an twoup lame,

O fi a lame yo.

Li fin fè syèj kont nou.

Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.

2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata,

pi piti pami fanmi a Juda yo,

nan ou va soti de Mwen

Youn pou vin chèf an Israël.

Lè pou L vin parèt la te etabli depi

nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.

3 Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske

sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.

Nan lè sa a, retay nan frè li yo

va retounen vin jwenn fis Israël yo.

4 Konsa Li va leve pou mennen

bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,

nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.

Epi yo va viv, paske nan tan sa a,

Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.

5 Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,

e lè li va mache nan palè nou yo.

Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.

6 Yo va regle peyi Assyrie ak nepe,

ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.

Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an

lè l fè envazyon peyi nou an,

ak lè li mache anndan fwontyè nou an.

7 Epi konsa, retay Jacob la va

nan mitan anpil nasyon pèp yo,

tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,

tankou lapli k ap farinen sou zèb,

ki p ap tann lòm,

ni fè reta pou fis a lòm yo.

8 Retay Jacob la va pami nasyon yo,

pami anpil pèp;

Tankou yon lyon pami bèt forè,

tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;

li menm, si l pase, mache, dechire an mòso

e p ap gen pèsòn ki pou delivre.

9 Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo

e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.

10 "Li va rive, nan jou sa a,", deklare SENYÈ a,

"ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou

e Mwen va detwi cha lagè nou yo.

11 "Anplis, Mwen va koupe retire vil

nan peyi nou yo, e mwen va jete tout

miray fòterès nou yo.

12 Mwen va koupe retire zafè tout wanga

soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.

13 Mwen va retire imaj taye nou yo ak

pilye sakre ki pami nou yo,

pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.

14 Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo,

e mwen va detwi vil nou yo.

15 Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè

ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo."

Veja também

Publicidade
Miquéias
Ver todos os capítulos de Miquéias
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-