Pular para o conteúdo
Publicidade

Michée 4

1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn

a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.

Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo

va kouri kon dlo pou rive kote l.4:1 És 2:2-4; Sòm 22:27

2 Anpil nasyon va vin di:

"Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,

lakay Bondye Jacob la,

pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo

e pou nou ka mache sou pa Li yo."

Paske depi nan Sion, lalwa va sòti

e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.4:2 És 2:3; Sòm 25:8,9,12

3 Konsa, Li va 4:3 És 2:4 jije antre anpil pèp e pran

desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.

Yo va bat nepe yo pou yo tounen 4:3 Jl 3:10cha

pou laboure latè yo,

ak lans lagè yo pou yo tounen kwòk imondaj.

Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e

p ap aprann lagè ankò.

4 Men yo va chak moun 4:4 I Wa 4:25; Lev 26:6 chita anba chan

rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.

Pèsòn p ap yo :

paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

5 Malgre tout pèp yo mache

nan non dye pa yo, pou nou menm,

4:5 Za 10:12 nou va mache nan non SENYÈ Bondye

nou an jis pou tout tan e pou tout tan.

6 "Nan jou sa a", deklare SENYÈ a,

"Mwen va 4:6 Sòm 147:2rasanble moun bwate yo,

e Mwen va reyini moun rejte yo,

ak sa ke M te aflije yo.

7 Mwen va moun bwate yo

vin yon 4:7 Mi 5:7,8 retay, e moun rejte yo

vin yon nasyon pwisan;

Konsa, 4:7 És 24:23SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion

depi koulye a rive jis pou tout tan."

8 A nou menm, 4:8 Sòm 48:3,12 wo tou bann mouton an,

mòn fi Sion an,

sou ou menm, li va retounen.

Wi, menm 4:8 És 1:26ansyen pouvwa a,

wayòm nan de fi Jérusalem nan.

9 Alò, poukisa ou 4:9 Jr 8:19 rele anmwey konsa?

Èske pa gen wa pami nou?

Èske 4:9 És 3:1-3konseye nou an fin peri?

Kite gwo doulè a sezi nou

kon yon fanm k ap pouse pitit?

10 Se pou ou vin an doulè,

doulè pou pouse pitit

fi a Sion an,

kon yon fanm ki ansent;

paske koulye a, ou va 4:10 II Wa 20:18 sòti nan vil la

pou rete nan chan,

e ou va ale menm nan Babylone.

4:10 És 43:14 La, ou va delivre.

La, SENYÈ a va rachte ou,

soti nan men ènmi ou yo.

11 Epi koulye a, gen 4:11 És 5:25-30anpil nasyon

ki rasanble kont ou k ap di:

"Kite li fin souye nèt,

e kite zye nou dezi nou sou Sion."

12 Men yo pa 4:12 Sòm 147:19,20konnen refleksyon a SENYÈ a,

ni yo pa konprann bi Li a;

paske Li te ranmase moun sa yo,

kon pakèt sereyal yo,

pou pote sou glasi vannen an.

13 Leve pou 4:13 És 41:15 bat jèm nan, O fi Sion an!

Paske M ap kòn ou an vin yon kòn ,

e zago ou kon yon zago an bwonz.

Ou va 4:13 Jr 51:20-23bat an mòso anpil pèp,

pou ou kapab konsakre a SENYÈ a

tout richès enjis pa yo,

ke nou ranmase ak tout byen pa yo,

bay SENYÈ tout latè a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também