Pular para o conteúdo
Publicidade

Michée 3

1 Konsa, mwen te di:

"Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila

k ap gouvène lakay Israël yo.

Èske nou pa dwe konnen lajistis?3:1 Sòm 82:1-5

2 Nou menm ki rayi sa ki bon,

e ki renmen sa ki mal;

ki 3:2 Sòm 53:4chire po yo sou yo,

ak chè yo soti sou zo yo;

3 k ap anplis3:3 Sòm 14:4 manje chè pèp Mwen an,

chire po yo sou yo, kraze zo yo

e 3:3 Éz 11:3koupe yo an mòso,

tankou se pou mete nan chodyè,

tankou vyann nan bonm nan.

4 Konsa, yo va kriye a SENYÈ a,

men Li p ap reponn yo.

Olye de sa, nan sa a, Li va 3:4 Det 31:17; És 3:11kache figi li a yo menm,

akoz yo te pratike zak ki mechan."

5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te 3:5 És 3:12 mennen pèp mwen an nan erè yo. yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: "Lapè"! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.

6 Akoz sa, li fènwa 3:6 És 8:20-22 sou nousan vizyon

e fènwa pou nousan apèsi davni.

3:6 És 59:10 Solèy la va kouche sou pwofèt yo,

e lajounen va vin fènwa sou yo.

7 Vwayan yo va wont

e 3:7 És 44:25 divinò yo va nan konfizyon.

Anverite, yo tout va 3:7 Mi 7:16kouvri bouch yo

akoz Bondye pa reponn.

8 Men kanta mwen menm,

3:8 És 61:1-2 mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,

ak jistis ak kouraj Li,

pou 3:8 És 58:1Jacob konnen zak rebelyon li an;

menm a Israël, peche pa l la.

9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,

ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,

ki 3:9 Sòm 58:1,2 rayi jistis,

e ki vire tòde tout sa ki dwat,

10 Ki 3:10 Jr 22:13,17bati Sion ak san koule,

e Jérusalem ak vyolans e enjistis.

11 Chèf li yo 3:11 És 1:23 jijman

pou jwenn sa ki glise anba tab,

e 3:11 Jr 6:13prèt li yo enstwi pou kòb,

pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.

Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.

Yo di: "Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?

Okenn malè p ap rive sou nou."

12 Konsa, akoz nou menm,

3:12 Jr 26:18 Sion va vin raboure tankou yon chan,

e 3:12 Sòm 79:1Jérusalem va vin yon pil mazi,

e mòn tanp lan va devni

tankou wo plas yo nan forè a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também