Publicidade

1 Pedro 5

1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon 5:1 Luc 24:48; I Pi 1:5temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje 5:2 Jn 21:16a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo 5:2 Phm 14pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou 5:3 Éz 34:4kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi Chèf 5:4 I Pi 2:25Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.

5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk 5:5 I Pi 3:8imilite youn anvè lòt, paske: 5:5 Pwov 3:34"Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".

6 Konsa 5:6 Mat 23:12desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

7 Lage tout 5:7 Sòm 55:22tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

8 5:8 I Pi 1:13; Mat 24:42 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.5:9 Jc 4:7

10 nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, 5:10 I Pi 1:6Bondye a tout gras 5:10 I Kor 1:9ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, nou pafè, konfime nou, e nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

12 Avèk èd 5:12 II Kor 1:19Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen 5:12 Eb 13:22ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!

13 Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an 5:13 Trav 12:12,25Marc tou.

14 Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.5:14 Wo 16:16

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-