23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, 11:23 I Kor 15:10plis nan travay, 11:23 II Kor 6:5bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo 11:24 Det 25:3trant-nèf kout fwèt. 25 Twa fwa mwen te 11:25 Trav 16:22bat avèk baton, yon fwa mwen te 11:25 Trav 14:19lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo 11:26 Trav 21:31danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, 11:26 Gal 2:4e danje pami fo frè yo. 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan 11:27 II Kor 6:5san manje, nan fredi e 11:27 I Kor 4:11san rad.
28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou 11:28 I Kor 7:17tout legliz yo. 29 Kilès ki vin 11:29 I Kor 8:9,13fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a 11:30 I Kor 2:3feblès mwen.