Pular para o conteúdo
Publicidade

II Korentyen Yo 12

1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak 12:1 I Kor 14:6revelasyon Senyè a. 2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase-si se te nan li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan li, m pa konnen, Bondye konnenyon nonm konsa te monte nan 12:2 Det 10:14twazyèm syèl la. 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsasi se nan li oubyen apa de li, mwen pa konnen 12:3 II Kor 11:11(Bondye konnen), 4 jan li te 12:4 Éz 8:3rale anwò nan 12:4 Luc 23:43Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmèt pou l pale. 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a 12:5 I Kor 2:3feblès mwen. 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap foli; 12:6 II Kor 7:14paske se verite m ap pale. Men m ap sispann sa pou pèsòn pa mwen kredi pou plis ke sa li nan mwen oubyen tande de mwen. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon 12:7 Nonb 33:55pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a 12:8 Mat 26:44twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: "Lagras mwen sifi pou ou, paske 12:9 I Kor 2:5pouvwa a vin konplè nan feblès". Konsa, avèk kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

10 Konsa 12:10 Wo 8:35mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske 12:11 II Kor 11:5nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre 12:11 I Kor 3:7mwen menm, mwen pa anyen. 12 12:12 Jn 4:48Sign a yon vrè apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. 13 Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou 12:13 II Kor 11:7mal sa a.

14 Sa pou 12:14 II Kor 13:1,2yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. 15 Mwen va avèk kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. 12:15 II Kor 11:11Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? 16 Men malgre jan sa kapab ye a 12:16 II Kor 11:9mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. 17 12:17 II Kor 9:5Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? 18 Mwen 12:18 II Kor 8:6te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye 12:18 II Kor 8:18frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?

19 Èske ou kwè ke n ap sèlman eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite 12:19 II Kor 2:17se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou tout sa 12:19 Wo 14:19pou edifikasyon nou, byeneme yo. 20 Paske mwen ke petèt m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi 12:20 Gal 5:20move jan, dispit, kout lang 12:20 Wo 1:29tripotay, awogans, ak tapaj. 21 Mwen ke m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki 12:21 II Kor 13:2te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de 12:21 I Kor 6:9,18salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também