Pular para o conteúdo
Publicidade

II Korentyen Yo 5

11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou 5:11 II Kor 4:2rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men 5:12 II Kor 1:14n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13 Paske si nou vin 5:13 Mc 3:21debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke 5:14 Wo 5:15yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta 5:15 Wo 14:7-9viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun 5:16 Jn 8:15selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. 5:17 És 43:18Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye 5:18 Wo 5:10ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke 5:19 Kol 2:9Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la 5:20 Wo 5:10pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki 5:21 Eb 4:15pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também