Publicidade

2 Coríntios 6

1 Epi nan 6:1 I Kor 3:9travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2 Paske Li di:

6:2 És 49:8 "Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,

e nan jou sali a Mwen te ede nou".

Gade byen, koulye a se "tan akseptab la". Gade byen, koulye a se "jou sali a". 3 Konsa,6:3 I Kor 8:9,13Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan6:4 Trav 9:16anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5 nan 6:5 Trav 16:23pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi 6:5 I Kor 4:11nan grangou 6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan 6:6 I Kor 2:4Lespri Sen an, nan vrè lanmou an 7 nan pawòl verite a, nan 6:7 I Kor 2:5pwisans Bondye a; ak 6:7 II Kor 10:4zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, 8 pa laglwa ak 6:8 I Kwo 4:10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; 9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen 6:9 II Kor 1:8,10vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10 kòm 6:10 Jn 16:22plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm 6:10 II Kor 8:9pòv, men ap anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.

11 6:11 Éz 33:22 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. nou ouvri byen laj. 12 Nou pa anpeche nou, men 6:12 II Kor 7:2ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13 Koulye a, 6:13 I Kor 4:14nan yon echanj konsa-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo-ouvri nou laj pou nou tou.

14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske 6:14 Ef 5:7-11ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki 6:15 I Kor 10:21amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: 6:16 Egz 29:45"Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen." 17 6:17 És 52:11Konsa,

"Soti nan mitan yo,

e separe de yo, di Senyè a.

Pa touche sa ki enpi.

Mwen va akeyi nou.

18 6:18 II Sam 7:14 Mwen va yon Papa pou nou,

e nou va fis ak fi pou Mwen,

di Senyè Tou Pwisan an."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-