1 Konsa, ou menm, fis mwen an 2:1 Ef 6:10se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. 2 Bagay 2:2 II Tim 1:13ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
3 2:3 II Tim 1:8 Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. 4 Nanpwen sòlda an sèvis ki 2:4 II Pi 2:20mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
5 Osi, si yon moun nan 2:5 I Kor 9:25konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
6 2:6 I Kor 9:10 Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
8 Sonje Jésus Kri 2:8 Trav 2:24leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9 Pou li menm, mwen 2:9 II Tim 1:8soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou 2:10 Luc 18:7koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11 "Sa se yon vrè pawòl:
Paske 2:11 Wo 6:8si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou 2:12 Mat 10:33rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
2:13 Wo 3:3 Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li."
14 Fè yo sonje bagay sa yo, e2:14 I Tim 5:21anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa 2:14 I Tim 6:4goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15 Se pou ou dilijan pou 2:15 Wo 6:13prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16 Men evite 2:16 I Tim 6:20pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, 2:17 I Tim 1:20Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke 2:18 I Kor 15:12rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19 Malgre 2:19 És 28:16fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: "Senyè a konnen sila ki pou Li yo", epi: "Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste."
20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. 2:20 Wo 9:21Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de 2:21 II Tim 2:16-18bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo 2:22 I Tim 1:5avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap 2:23 Tit 3:9prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk 2:24 I Tim 3:2yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou 2:25 Trav 8:22si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a 2:25 I Tim 2:4konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba 2:26 I Tim 3:7pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.